Connect with us

Hi, what are you looking for?

Métronome FMMétronome FM

Actualités

De ti mo pou Lily

Li fè katrè
Se pa lè bese leve
Se lè sak kanpe chita
Pou koute vwa libète
Yon vwa ki gwo nèg
Yon vwa ki pale
Sa moun pè pale
Yon vwa ki mache
Pye atè sou zepeng
Sou dife malè
Yon vwa ki souke tan
Ki souke nanm
Ti katkat ayè kou
Gwo ponyèt jodi
Vwa Lily se souflèt
Nan zôrèy dechèpiyè
Diktatè, apranti Diktatè
Tout moun ret bouch be
Tankou lajistis sou petwo karibe
Lè nouvèl la tonbe
Tout vwa kase
Solèy la blese
Li senyen klate
Je pa janm wè
Li ta pwal katrè
Lè moun kanpe djanm
Lè moun Kanpe pale
Lè vwa w fè pyajè
Machann peyi depale
Lè vwa w kanpe barikad
Devan move mès
Devan machann detrès
Se lè vwaw pouse rèl
Wete pye sou kou
Malere yap tou pizi
Katrè se lè vwa w
Met men nan kôlèt
tout lwijanboje
Kap pete je ayiti
Katrè se lè pa nou
Poun souri
Se lè pa yo
Pou yo bouche zôrèy yo
Vwa w twô lou
Vwa w se fwèt kach
Kap louvri chemen
Devan sak pa ka wè
Devan sak paka vanse
Li fè katrè
vwa w ret kanpe drèt
Nan boul figi tout trèt
Ale anpè
Pawôl lapè ak byennèt
Ap kontinye pale nèt ale !

LEPS le MAGnifik

La Rédaction
Les derniers articles par La Rédaction (tout voir)