Connect with us

Hi, what are you looking for?

Métronome FMMétronome FM

Actualités

Sterline Civil di tout sa k ap pase nan peyi a planifye !

Sterline Civil deklare diskou « gouvènman enkonpetan » pou kalifye Ariel Henry ak Ekip li a, pa fi n twò chita sou reyalite a. Sa k ap pase nan peyi Dayiti a, se yon pwojè sinik ki byen planifye e ki ap byen egzekite.

Jan anpil moun, pou n pa di tout moun konstate l, silans sa a gouvènman an toujou fè chak fwa popilasyon an andifikilte ak gang k ap depatcha, touye, blese sitwayen yo, ak boule byen yo, pa inosan. Se yon silans konplis ki montre depi byen lontan moun ki nan tèt pouvwa a chwazi kan yo, e ap defann kan yo.

Jeneralman moun k ap dirije toujou dwe pran ti tan, lè sa nesesè pou gade tèt yo pou yo wè kijan sosyete a wè yo. Pou moun ki nan tèt pouvwa nan peyi Dayiti, sanble yo pa janm gade figi yo nan glas. Moun sa yo, daprè Sterline Civil, pa gen nanm, yo pa gen konsyans. Yo vid !

Sekretè Jeneral pati EDE a, devan sitiyasyon katastwofik peyi a ye jounen jodi a, kwè nan prensip solidarite entènasyonal la, kòm youn nan zouti ki ka ede Ayiti. Sterline Civil kwè tou, jodi a, plis pase tout lòt jou, Ayiti bezwen konnen sou kiyès li ka konte reyèlman.

Lidè politik la kwè, jounen jodi a pa ka gen voye wòch kache men ankò, kominote entènasyonal la dwe voye yon lòt imaj pou divòse ak pratik sa a ki fè wè li tankou yon kominote entènasyonal k ap sipòte yon gouvènman ilegal, malfektè, ki pap travay nan enterè peyi Dayiti.
Jodi a, moman verite a rive e tout peyi ki di yo se zanmi Ayiti yo dwe kanpe bò kote l. Kreyon listwa pa gen gòm ! Jenerasyon k ap vini yo ap konnen kiyès ki te travay pou detwi oubyen pou sove pèp ayisyen an.

Jodi a lè a rive pou nou souke kò n ! Chak grenn Ayisyen dwe leve kanpe, sitou lè pèsonn pa vle kanpe ak nou pou ede n defann mounite nou ak dwa pou nou viv kòm sa dwa, nan peyi nou.
Pandan n ap konte sou solidarite entènasyonal, Sterline Civil mande Ayisyen yo pou yo menm, youn ak lòt, kòmanse fè solidarite, pou yo kapab goumen kont tout sa ki anpeche peyi a avanse.

Jean Corvington